Aksè Pou Repondan pèmèt ou depoze fòmilè EOIR yo anliy.
Fè atansyon pou ou siyv tout direktiv ki nan fòmilè an e pou ou klike “Submit” anvan pou ou fèmen sesyon an. Ou pral genyen chwa pou ou telechaje fòmilè ou sot ranpli an.
Oka ke ou se yon praktisyen, tanpri itilize ECAS pou ou depoze fòmilè.
Chanje Kowòdone
Anba la a, men you lis Fòmilè ki disponib pou repondan yo depoze anliy. Pou kapab prosede avèk fè demann anliy ak youn nan fòmilè sa yo, tanpri chwazi fòmilè an pou ou kòmanse.
Ou dwe soumèt tout repons pou fòm EOIR yo nan lang anglè. EOIR tradui fòm sa yo an kreyòl ayisyen nan kad Access EOIR. Si gen diferans ant anglè ak yon lòt lang, vèsyon anglè a se vèsyon ofisyèl la.
OMB# 1125-0022
Eksp. 31 Jiyè 2029
Avi Lwa sou Konfidansyalite
Enfòmasyon ki sou fòmilè sa a obligatwa selon 8 U.S.C. § 1229(a)(1)(F)(ii) ak 8 C.F.R § l003.15(d)(2) pou kapab notifye tribinal imigrasyon EOIR la sou nenpòt chanjman adrès oswa nimewo telefòn. Enfòmasyon ou bay yo obligatwa. Si w pa bay enfòmasyon yo mande a, sa limite avi w ap resevwa a epi sa ka lakòz konsekans negatif ki endike anwo a. EOIR ka pataje enfòmasyon sa yo ak lòt moun an akò ak itilizasyon woutin apwouve ki dekri nan sistèm anrejistreman avi EOIR la EOIR-001, Sistèm Anrejistreman ak Jesyon Enfòmasyon, epi ak EOIR-003, Dosye Plent Disiplinè Praktisyonè.
Avi Relatif a Lwa sou Rediksyon Fòmalite Administratif
Yon ajans pa ka mennen oswa patwone yon koleksyon enfòmasyon, epi yon moun pa oblije reponn, sof si ajans lan montre yon nimewo kontwòl OMB ki aktyèlman valid. Mwayèn tan ki estime pou ranpli fòm sa a se senk (5) minit. Si ou gen kòmantè konsènan presizyon estimasyon sa a, oswa sijesyon pou rann fòm sa a pi senp, ou ka ekri Biwo Egzekitif Egzamen Imigrasyon an, Biwo Konsèye Jeneral la, 5107 Leesburg Pike, Suite 2600, Falls Church, VA 22041, oswa [email protected]
