Skip to Content
United States of America Flag

Yon sit entènèt ofisiyèl pou gouvènman Etazini an

Tribinal la Fèmen Jodi a
Itilize EOIR nan Estati Kat Operasyonèl pou tyeke estati aktyèl fonksyònman tribinal imigrasyon yo.

Fòmilè Chanjman Adrès (EOIR-33/IC)

Etap 1 sou 6

Direktiv

Pou konplete fòmilè sa a, ranpli tout pati ki vid yo, ikonpri prèv siyifikasyon an, ki sètifye ke ou pral bay Depatman Sekirite Enteryè Etazini (Department of Homeland Security - DHS) yon kopi fòmilè an.  Apre ou fin ranpli espas vid yo epi ou siyen e deklarasyon an e prèv asiyasyon an, ou fèt pou ou soumèt fòmilè an swa anliy, swa an pèsòn, swa palapòs.  Moun ki avoka e ki reprezantan plènman akredite kap soumèt fòm sa a anliy fèt pou yo soumèt li nan Potay Ka  https://portal.eoir.justice.gov.  Fò ke ou soumèt yon kopi separe de fòmilè sa a pou chak individi ki gen yon ka anatant nan tribinal imigrasyon, e ki afekte pa chanjman enfòmasyon an. 

Fò ke ou depose fòmilè sa a nan tribinal imigrasyon nan lespas senk jou travay apati de lè chanjman an fèt, oubyen lè ou resevwa yon dokiman akizasyon (pa ekzamp Asiyasyon pou Konparèt) avèk koòdone ki pa korèk yo. Tribinal imigrasyon an pral voye tout kourye ofisyèl (tankou avi, desizyon) nan adrès ou bay lan. Se sèlman si tribinal imigrasyon an resevwa fòmilè sa a ke li va fè nenpòt ki chanjman nesesè nan koòdone oubyen nan dosye EOIR yo, tribinal lan pa pral chanje koòdone ou deske gen de enfòmasyon ki diferan nan pledwaye, nan rekèt, avèk lot kominikasyon ak tribinal. Si ou manke konparèt nan kelkeswa odyans devan jij imigrasyon apre ke yo te voye ba ou avi pou konparèt nan odyans lan ou byen lot kourye ofisyèl te asiyen sou ou, oubyen yo te voye yo nan ansyen adrès ou te bay yo anvan an, DHS lan gen dwa mete ou an gadavi.  Anplis tou, tribinal imigrasyon an gen dwa kondyi odyans la pandan absans ou epi li gen dwa pase lòd transfè fòse, depòtasyon, oubyen esklizyon kont ou menm. Si ke tribinal la pase yon lòd konsa, you ka vin pa kalifye pou sèten tip ekzonerasyon transfè fòse anba Lalwa Sou Imigrasyon e Nasyonalite: 

  • Si ke ou anba prosedi transfè fòse: Ou pral sijè a yon lòd transfè fòse pou yon peryòd de dis an apre dat dantre lòd final lan. Ou kapab tou vin pa kalifye pou depa volontè, anilasyon transfè fòse, e rektifikasyon estati oubyen chanjman estati. 
  • Si ke ou anba prosedi depòtasyon: Ou pral sijè a yon lòd depòtasyon pou yon peryòd de senk an apre dat dantre lòd final lan.  Ou kapab tou vin pa kalifye pou depa volontè, sispansyon depòtasyon oubyen sispansyon depa volontè, e rektifikasyon estati oubyen chanjman estati.
  • Si ou anba prosedi esklizyon: Yo gen dwa konsidere ke ou wete aplikasyon ou te fè an pou yo te admèt ou nan peyi Etazini.